Saturday, August 04, 2007

Pa bliye Pere Ti Jean

On 3 August 1998, assassins in Haiti struck down Father Jean Pierre-Louis, known as “Pere Ti Jean” to the peasants in Haiti’s Plateau Central, on whose behalf he had advocated for many years. The fifty-year-old priest was a diminutive mulatto from a family of some means—his former sister-in-law, Michele Pierre-Louis, was the executive director of the respected Fondation Connaissance et Liberte (FOKAL)—yet he had chosen to work among Haiti’s poor and had helped found the Sèvis Ekimenik pou Devlopman ak Edikasyon Popilè (Ecumenical Service for Popular Development or SEDEP).

On the 9th anniversary of Pere Ti Jean's slaying, SEDEP, along with the Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen organization, has issued a call for a new investigation into the slaying, which was never solved and for which those responsible were never held accountable. The full text of the declaration can be read in the original Kreyol below.

MD


Ayiti : 3 out 2007, 9 lane depi kriminèl te fè kò sasinay sou pè Ti Jan Pyè Lwi

vendredi 3 août 2007

(Read the original here)

“Nou mande Minis Jistis la, Mèt René Magloire ak komisè gouvènman Pakè Pòtoprens lan, Mèt Claudy Gasan pou yo pran mezi legal nesesè pou mete Aksyon Piblik an mouvman pou chache, arete epi jije prezime kriminèl ki te sasinen san kè sote Pè Ti Jan gwo lajounen bò midi jou ki te

3 Dawou 1998 la, nan lakou biwo l, nan SEDEP. ”

Pozisyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen ak SEDEP

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 2 out 2007

Pòtoprens 31 jiyè 2007

3 Dawou 1998 – 3 Dawou 2007 fè 9 lane depi bandi kriminèl yo te telegide te sasinen Pè Jean Pierre Louis, di Pè Ti Jan, nan lakou SEDEP, yon enstitisyon Pè Ti Jan t ap dirije.

Pè Ti Jan Pyèlwi, se te youn nan dènye pè konsekan Legliz Katolik, ki depi nan lane 1960 yo, anfas rejim diktati Divalye a, te toujou pran pozisyon pou defann enterè peyi a ak enterè mas pèp ayisyen an. Ti Jan te toujou leve kanpe kont tout sistèm dominasyon, krazezo ak eksplwatasyon feyodal ak kapitalis ki t ap toupizi mas pèp la. Se pou sa, nan zòn kote li te pase pifò tan l kòm pè, nan komin Savanèt, grandon pat vle wè l. Yo te toujou ap monte konplo kont li, paske li te toujou ap pran defans ti peyizan, malere ak malerèz.

Kriminèl asasen te rive tchwe Pè Ti Jan, kèk semèn sèlman apre li te patisipe nan yon reyinyon nan Palè Nasyonal, sou envitasyon premye gouvènman prezidan Preval la. Nan moman an, Pè Ti Jan te manm Komisyon Nasyonal Refòm Agrè, evèk Legliz Katolik nan peyi Dayiti te mete kanpe pou te reflechi sou Dosye REFOM Agrè prezidan Preval t ap klewonnen nan moman an. Se nan kad sa a, Pè Ti Jan t al patisipe nan rankont Palè Nasyonal la, kote divès lòt pè te envite.

Reyinyon sa a te bay Pè Ti Jan okazyon pou te denonse piblikman, jan li te abitye fè l nan prèch li, blòf, demagoji, vòl ak koripsyon ki t ap devlope nan moman an anndan Leta a, nan mitan gouvènman Preval la e menm anndan Legliz la.

9 lane apre krim nan, tout gouvènman ki pase alatèt Leta a pa leve yon ti dwèt pou Aparèy Jistis la mete Aksyon Piblik an mouvman kont prezime kriminèl yo. Nonplis tou, okenn komisè gouvènman, omepri lalwa, pa janm pran okenn mezi legal pou fè limyè sou krim nan, malgre laklamè piblik pa janm sispann egzije jistis pou Pè Ti Jan epi denonse kriminèl yo ak tout konplis yo.

Nan okazyon nevyèm anivèsè sasinay Pè Ti Jan, nou menm oganizasyon ak enstitisyon ki pran pozisyon sa a, mande Prezidan René Préval ak Premye Minis Jacques Edouard Alexis, yo menm ki te deja sou pouvwa a nan moman krim nan te komèt nan lane 1998, yo menm ki tal rann paran Pè Ti Jan vizit lakay yo epi ki te patisipe nan ekspozisyon ki te fèt nan ponp finèb, nou mande yo fwa sa a pran reskonsablite yo. Nou mande Minis Jistis la, Mèt René Magloire ak komisè gouvènman Pakè Pòtoprens lan, Mèt Claudy Gasan pou yo pran mezi legal nesesè pou mete Aksyon Piblik an mouvman pou chache, arete epi jije prezime kriminèl ki te sasinen san kè sote Pè Ti Jan gwo lajounen bò midi jou ki te 3 Dawou 1998 la, nan lakou biwo l, nan SEDEP.

Pandan n ap renouvle solidarite ak senpati nou ak fanmi Pè Ti Jan, n ap envite tout fanmi an, zanmi, kanmarad, senpatizan ak fidèl Pè Ti Jan yo nan seremoni komemorasyon, TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN ak dòt òganizasyon popilè ap òganize jou k ap 3 Dawou a nan vil Savanèt, pou fè sonje memwa Pè Ti Jan ki rete yon modèl fidelite ak angajman nan lit pèp la.

Rosnel Jean-Baptiste Tet Kole Ti Peyizan Ayisyen

Jhon Blot SEDEP

No comments: